|
|
Paj Prensipal
|
|
Aksyon yo
|
|
Ou mèt li kèk konsèy pou ekri yon atik.
Ou mèt patisipe pou atenn objektif yo lane sa-a.
Premye objektif yo : Ayiti - kreyòl ayisyen - Karayib
Nou bezwen anpil èd nan redaksyon atik sa yo, yo bezwen konplete, vini miyò, patisipe nan kreyasyon yo :
Mèsi tout moun !
Ou mèt chache atik ak diferan metòd :
|
|
|
Kout pwojektè
Aimé Fernand David Cesaire (26 Jwen 1913 - 17 Avril 2008). Aimé Cesaire se yon ekriven, powèt, politisyen matinikè. Li se papa matinikè yo, li se lidè ak kreyatè mouvman "Negritude" (Negritid) ki ap revandike istwa ak pozisyon nèg afriken, karibeyen. Ekriven ayisyen Franketienne di de Cesaire ke li te yon gran mapou : "Yon gran mapou tonbe"
| Aimé Fernand David Cesaire |
|
|
|
| Fonksyon l okipe ::depite, mè matinik |
| Eta sivil |
Dat nesans:
Bas-Pwent,Matinik (Frans)
dat lanmò :17 avril 2008
Matinik (Frans)
|
| Nasyonalite : Franse |
| Zèv enpòtan li yo |
|
| *Li fonde ak Léopold Sédar Senghor konsèp yo rele negritid |
Li rankontre Léopold Sédar Senghor lè li tap fè etid li Pari (kapital). yo fonde ansanm konsèp yo rele negritid.
Konsèp epi rankont :
Pwezi li yo :
- Cahier d'un retour au pays natal (1939) - (ht) "Kaye retou nan peyi m"
- Armes miraculeuses (1946)
- Soleil cou coupé (1948)
- Corps perdu (1950)
- Ferrements (1960)
- Cadastre (1961)
- Moi, laminaire (1982)
Kèk teyat li ekri yo :
- Et les Chiens se taisaient, trajedi: aranjman pou teyat. Paris: Présence Africaine, 1958, 1997.
- La Tragédie du roi Christophe (trajedi wa Kristòf). Paris: Présence Africaine, 1963, 1993.
- Une Tempête, adapted from The Tempest by William Shakespeare: adaptation pour un théâtre nègre. Paris: Seuil, 1969, 1997. A Tempest, New York: Ubu repertory 1986
- Une Saison au Congo. Paris: Seuil, 1966, 2001.
- Discours sur le colonialisme, Paris: Présence Africaine, 1953.
- Toussaint Louverture; La Révolution française et le problème colonial. Paris: Présence Africaine, 1960.
Nan Matinik li a, yo rele l papa Cesaire.
...Konnen plis
|
|
Sak ap pase nan aktyalite kounye a
|
Sak pase nan aktyalite 2008
Me 2008
- 28/05 : "HAITI CHERIE", yon fim de Claudio del Punta ki ap rakonte kouman jodi jou, konpatryot nou yo ki ale travay nan fwontyè repiblik dominikèn tounen esklav nan koupe kann. Fim sa se yon kouvèk ki ouvè anlè mizè Ayisyen ki ap viv nan Repiblik Dominikèn
Avril 2008
- 17/04 : Aimé Fernand David Cesaire, rele Aimé Cesaire oubyen papa Cesaire, ekriven, powèt, politisyen matinikè mouri jodi a. Li te gen 94 lane, li kite anpil zèv nan kè tout nèg, tout karibeyen, afriken pou lit li t ap mennen kont kolonizatè pou revandike plas nèg, afriken, karibeyen, rekonesans ak respè.(lyen : Aimé Cesaire)
Mas 2008
- 29/03 : Kap rouj Nimerik - yon pwojè ki ap mennen konesans entènèt wo debi pou kiltivatè kafe kap rouj an, nan yon sant agrikòl modènize, nan rejyon Kay-Jakmèl (Jakmèl); li ekipe ak 7 òdinatè konekte;teknoloji a baze anlè WIMAX ke antrepriz Alcatel Lucent mete dewò; se yon inisyativ FACN (Federasyon tout asosyasyon pwodiktè ak kiltivatè kafe natif natal) / Ann pa bliye mezanmi ke Ayiti toma te pli gwo pwodiktè kafe nan lemonn.
- 15/03 : AIHC (Asosyasyon Enjenyè Ayisyen-kanadyen) òganize yon vizyokonferans ant Ayiti epi Kanada nan pwojè "Repanse Ayiti ak jenès ayisyèn an", yon gwo pwojè ki leve anpil ankourajman nan domèn edikasyon : plis ke 50% popilasyon ayiti jenn, genyen mwens ke 21 lane, chomaj nan peyi a nan kategori etidyan yo atenn valè 57%, jenn yo se potomitan peyi a ! (Lyen)
- 14/03 : Pèp tibeten an ap revandike endepandans li. Genyen anpil represyon ki ap fèt pa militè chinwa yo nan kapital istorik peyi a, Lhassa (Tibet). Jounen sa, anpil tibeten mouri anba represyon sa.
- 08/03 : Jounen entènasyonal pou fanm
- Ann bay Site Solèy yon lòt vizaj ak fanm yo,Fanm Site Solèy nou se poto mitan pou lapè nan Site Solèy
- 04-06/03 : Ayiti manm nan Gwoup Rio (Gwoup Contadora), òganizasyon sa, ki poko ofisyèl, ap mache pou kò l pou li fè manm li yo mache ansanm, bay plis fòs nan tout akò ekonomik ant yo (amerik latin - Kolonbi, Venezyela, Nikaragwa)
- 05/03 : Ayiti ap rann omaj ak fineray pou Emmanuel Sanon (25 jwen 1951 – 21 fevrye 2008), foutbalè ayisyen selèb, nan estad nasyonal Sylvio Cator nan Pòtoprens, douvan tout fanmi, foutbalè ki t ap jwe avè l epi anpil politik (prezidan Rene Preval, premye minis Jacques Edouard Alexis, ... )-+Lyen+-
- 01/03 : Nimewotasyon telefonik nan peyi Ayiti ap pase de 7 a yui chif. Nou dwèt mete douvan tout nimewo yo yon 3 pou apèl anlè sèlfon, yon 2 si se anlè telefon fiks lakay; pa egzanp : 628 4587 anlè yon sèlfon ap vini 3628 4587
Fevrye 2008
- 03-05/02 : Kanaval 2008 nan Pòtoprens, Chan mas, Rale mennen vini pou yon Ayiti vèt, yon siksè malgre tout pwoblèm ayisyen ap konnen kounye a. Atis yo Konpa direct (kreye pa Jean-Baptiste Nemours), Sweet-micky Michel Martelly, Kreyòl La ak Joseph Zenny (Ti Joe Zenny), Krezi Mizik pa David Dupoux epi Michael Benjamin, Djakout Mizik pa Auguste Duverger (Pouchon), T-Vice pa frè Roberto martineau epi Reynaldo Martineau, Carimi pa Carlo Vieux, Richard Cave epi Michael Guirand te ap pèfòme
...Gade nan achiv aktyalite yo
|
|
|
|
|
|